Matye 5:38-45 - Konpare Tout Vèsyon yo
Matye 5:38-45 HAT98 (1998 Haïtienne)
— Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou. Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kilomèt avè l. Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete. — Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo. Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou. Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.
Matye 5:38-45 VKF (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan. Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt pou ede l pote chay li, fè de avè l. Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li. Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w. Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal.
Matye 5:38-45 BDS (La Bible du Semeur 2015)
Vous avez appris qu’il a été dit : œil pour œil, dent pour dent . Eh bien, moi je vous dis : Ne résistez pas à celui qui vous veut du mal ; au contraire, si quelqu’un te gifle sur la joue droite, tends-lui aussi l’autre. Si quelqu’un veut te faire un procès pour avoir ta chemise, ne l’empêche pas de prendre aussi ton vêtement. Et si quelqu’un te réquisitionne pour porter un fardeau sur un kilomètre, porte-le sur deux kilomètres avec lui. Donne à celui qui te demande, ne tourne pas le dos à celui qui veut t’emprunter quelque chose. Vous avez appris qu’il a été dit : Tu aimeras ton prochain et tu haïras ton ennemi. Eh bien, moi je vous dis : Aimez vos ennemis et priez pour ceux qui vous persécutent. Ainsi vous vous comporterez vraiment comme des enfants de votre Père céleste, car lui, il fait luire son soleil sur les méchants aussi bien que sur les bons, et il accorde sa pluie aux justes comme aux injustes.
Matye 5:38-45 PDV2017 (Parole de Vie 2017)
« Vous avez appris qu’on a dit : “Œil pour œil et dent pour dent.” Mais moi, je vous dis : si quelqu’un vous fait du mal, ne vous vengez pas. Au contraire, si quelqu’un te frappe sur la joue droite, tends-lui aussi l’autre joue. Si quelqu’un veut te conduire au tribunal pour prendre ta chemise, laisse-lui aussi ton vêtement. Si quelqu’un te force à faire un kilomètre à pied, fais-en deux avec lui. Quand on te demande quelque chose, donne-le. Quand on veut t’emprunter quelque chose, ne tourne pas le dos. » « Vous avez appris qu’on a dit : “Tu dois aimer ton prochain et détester ton ennemi.” Mais moi, je vous dis : aimez vos ennemis. Priez pour ceux qui vous font souffrir. Alors vous serez vraiment les enfants de votre Père qui est dans les cieux. En effet, il fait lever son soleil sur les méchants et sur les bons. Il fait tomber la pluie sur ceux qui se conduisent bien et sur ceux qui se conduisent mal.
Matye 5:38-45 NIV (New International Version)
“You have heard that it was said, ‘Eye for eye, and tooth for tooth.’ But I tell you, do not resist an evil person. If anyone slaps you on the right cheek, turn to them the other cheek also. And if anyone wants to sue you and take your shirt, hand over your coat as well. If anyone forces you to go one mile, go with them two miles. Give to the one who asks you, and do not turn away from the one who wants to borrow from you. “You have heard that it was said, ‘Love your neighbor and hate your enemy.’ But I tell you, love your enemies and pray for those who persecute you, that you may be children of your Father in heaven. He causes his sun to rise on the evil and the good, and sends rain on the righteous and the unrighteous.