Rev 5:5-14

Rev 5:5-14 VKF

Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo. Lè sa a, mwen wè yon Ti Mouton kanpe toupre twòn nan, antoure ak kat kreyati vivan yo. Ti Mouton an sanble ak yon mouton yo te ofri an sakrifis. Li gen sèt kòn ak sèt zye. Sèt je yo se sèt espri Bondye voye toupatou sou la tè. Ti Mouton an avanse epi li pran woulo liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo. Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon. Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an, y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.” Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte! Zanj yo t ap di byen fò: “Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la. Li diy pou l resevwa onè, glwa, ak louwanj!” Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di: “Tout louwanj ak onè ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan, se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!” Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.

Li Rev 5