Mat 11:18-30
Mat 11:18-30 VKF
Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.” Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif. Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. M ap tou di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon. E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la. M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm yo.” Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen. Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li. Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a. Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo. Aksepte nouvo prensip lavi m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt. Fado pa m nan fasil pou pote, chay mwen an lejè.”

