Antan Jezi t'ap antre Kapènawòm, yon kaptenn lame women vin kontre li. Li vin mande li yon sèvis. Li di li konsa: — Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil. Jezi di l konsa: — Mwen pral geri l pou ou. Men kaptenn lan reponn li: — Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri. Mwen menm k'ap pale la a, mwen gen sòlda souzòd mwen tou. Lè mwen di yonn ale, l'ale. Lè mwen di yon lòt vini, li vini. Lè mwen di domestik mwen fè sa, li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a. Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va sòti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la. Men, moun ki ta dwe antre nan peyi wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. Apre sa, Jezi di kaptenn lan: — Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l la. Menm lè a, domestik la te geri.
Li Matye 8
Koute Matye 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 8:5-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo