Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. Yo mennen manman bourik la ak ti bourik la. Yo pran rad mete sou do yo fè panno epi Jezi moute ti bourik la. Yon foul moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa vin tann atè nan chemen an tou. Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele: — Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: — Ki moun nonm sa a ye menm? Foul moun yo menm t'ap reponn yo: — Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.
Li Matye 21
Koute Matye 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 21:6-11
5 Jou
Nan tout kat levanjil yo, yo dekri krisifiksyon ak rezirèksyon Jezi. Nan moman Pak sa a, li sou kijan Jezi te sibi trayizon, doulè, ak imilyasyon sou kwa a anvan li te transfòme mond lan gras a lespwa rezirèksyon li pote. Chak jou, yon ti videyo ap ilistre yon pati nan istwa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo