Lik 14:12-24

Lik 14:12-24 HAT98

Jezi pale ak moun ki te envite l la. Li di li: — Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò. Lè l tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: — Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. Jezi reponn li: — Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la konmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare kounyeya. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fenk achte yon tè, fòk mal wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fenk achte senk pè bèf. Mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fenk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. — Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè. Li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun w'a jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m lan.