Jòb 37:14-18
Jòb 37:14-18 HAT98
Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen. Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nyaj yo? Eske ou konnen ki jan nyaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l fòk ou gen anpil ladrès. Lè van cho ki sòti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou. Eske ou ka ede Bondye louvri nyaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?

