Jan 18:32-37
Jan 18:32-37 HAT98
Se konsa pawòl Jezi te di lè l t'ap fè konnen jan l ta pral mouri a, ta pral rive vre. Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: — Eske se wa jwif yo ou ye? Jezi reponn li: — Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon eske se lòt moun ki di ou sa? Pilat reponn li: — Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? Jezi reponn: — Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Lè sa a, Pilat di li: — Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.


