Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: — Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou. Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di: — Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a, ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou. Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: — Fè chache Samson pou n ka pran plezi nou ak li. Y'al chache Samson nan prizon an, yo mennen l devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l. Yo mete mesye nan mitan de gwo poto. Samson di ti bway ki te kenbe men l lan: — Mennen m bò de gwo poto ki kenbe tout tanp lan. Mete men m sou yo pou m ka fè yon ti apiye. Tanp lan te plen moun, fanm kou gason. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen twamil (3.000) moun konsa, fanm kou gason, anwo twati a ki t'ap gade Samson, ki t'ap pran plezi yo ak li. Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: — O Bondye Senyè! Tanpri, chonje m non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m yo pete a. Epi Samson mete men l sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l sou chak. Epi li di: — M te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li. Frè l yo ansanm ak tout fanmi l yo desann vin pran kadav la. Yo pote l tounen lakay yo, yo antere l nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan (20 an) ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.
Li Jij 16
Koute Jij 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jij 16:23-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo