Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: — Men sa pou n fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye. Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje. Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l ban mwen, pou nou ka moutre m nou pat ban m manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa. Yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l gras. Men, nou pat vle koute l. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a. Riben di yo: — Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pat vle koute m. Kounyeya se lanmò tibway la n'ap peye. Jozèf te konprann tou sa yo t'ap di a. Men yo pat konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradi pou yo lè yo t'ap pale avè l. Jozèf sòti kote yo te ye a, l'al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l nan chenn, la devan yo tout.
Li Jenèz 42
Koute Jenèz 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 42:18-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo