Jenèz 1:1-31

Jenèz 1:1-31 HAT98

Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. Men latè pat gen fòm, li pat gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè. Bondye di: Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te premye jou a. Bondye di ankò: Se pou gen yon vout nan mitan pou separe dlo a fè de. Bondye fè vout la separe dlo a fè de: yon pati anwo, yon pati anba. Se konsa sa te pase. Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te dezyèm jou a. Bondye di ankò: Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon. Bondye di: Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. Tè a pouse tout kalite plant: plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te twazyèm jou a. Bondye di ankò: Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te katriyèm jou a. Bondye di ankò: Se pou dlo a kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo yo vole nan syèl la anlè tè a. Bondye kreye gwo bèt nan lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon. Bondye beni yo, li di yo: Fè pitit, fè anpil anpil pitit plen lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tou peple tè a. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te senkyèm jou a. Bondye di ankò: Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. Bondye fè tout kalite bèt: bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki mache sou vant. Li gade sa li fè a, li wè li bon. Bondye di ankò: Annou fè moun. N'ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L'a gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt yo gade sou tout tè a, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè. Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè. Bondye di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje. Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase. Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te sizyèm jou a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jenèz 1:1-31

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an