Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a. W'a mete bwat ki gen wòch kontra a ladan l. Y'a kache bwat la ak rido a. Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li. W'a pran lotèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l devan bwat ki gen wòch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan. W'a pran lotèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a. W'a mete basin lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lotèl la. W'a mete dlo ladan l. W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a. W'a pran lwil yo sèvi pou konsakre moun osinon bagay pou Bondye a, w'a voye li sou tant Bondye a, sou tout bagay ki pou mwen ladan li. Se konsa w'a konsakre tant lan ak tou sa ki ladan li pou mwen. Y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt. W'a voye lwil la tou sou lotèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l. Se konsa w'a mete lotèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale. W'a voye lwil la tou sou basin lan ak sou pye li. Se konsa w'a konsakre yo pou mwen. Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen. W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini w'a vide lwil sou tèt li. W'a konsakre li pou li ka sèvi mwen prèt. W'a fè pitit gason l yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo. W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi mwen prèt. Seremoni sa a va konsakre yo pou yo ka toujou sèvi mwen prèt, jenerasyon an jenerasyon. Moyiz te fè tou sa Senyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Senyè a te mande l la.
Li Egzòd 40
Koute Egzòd 40
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 40:1-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo