Eklezyas 2:1-17

Eklezyas 2:1-17 HAT98

Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen! Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen! Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m: Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a. Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. Mwen fouye basen pou m pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo. Mwen achte fi kou gason pou sèvi m esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Mwen antipile anpil bagay fèt ak ajan ak lò lakay mwen, ak lòt richès chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen an, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen. Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen okenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. Apre sa, mwen kalkile sou tou sa mwen te fè ak men mwen, sou tout traka mwen te bay kò mwen pou m'fè yo. Enben, mwen jwenn sa pa te vo anyen. Se kouri dèyè van. Konsa, pa gen okenn pwofi sou tou sa ou fè sou latè beni. Lè ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l yo te fè? Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou. Mwen wè menm jan pito ou nan limyè pase ou nan fènwa, konsa tou, pito ou gen konprann pase ou pa genyen ditou. Moun ki gen konprann, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann ap mache nan fènwa. Men mwen konnen toulede ap fini menm jan. Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m tou. Nan kondisyon sa a, sa m te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m? Mwen di nan kè m: Sa a tou, sa pa vo anyen! Pèsonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt. Se konsa lavi pa di m anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.