Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li. Lè sa a, patizan Sòl yo pran l nan mitan lannwit, yo mete l nan yon panyen, yo file l desann lòt bò miray lavil la. Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l ak disip yo, men yo tout te pè l: yo pat kwè li te yon disip tout bon vre. Lè sa a, Banabas pran l avè l, epi li mennen l bò kote apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Senyè a sou wout la, ki jan Senyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bòn nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesay la avèk konviksyon nan non Senyè a. Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li. Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l lavil Sezare, yo fè l pati pou Tas.
Li Travay 9
Koute Travay 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 9:23-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo