Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Vèsè popilè nan Bib la ki soti nan 2 Pyè 3

1

2 Pyè 3:9

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

VKF

Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”

Konpare

Eksplore 2 Pyè 3:9

2

2 Pyè 3:8

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

VKF

Men, byenneme m yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: “Pou Senyè a, yon jou se menm jan ak mil an, epi mil an se menm jan ak yon jou.

Konpare

Eksplore 2 Pyè 3:8

3

2 Pyè 3:18

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

VKF

Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Konpare

Eksplore 2 Pyè 3:18

4

2 Pyè 3:10

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

VKF

Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.

Konpare

Eksplore 2 Pyè 3:10

5

2 Pyè 3:11-12

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

VKF

Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye. Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn.

Konpare

Eksplore 2 Pyè 3:11-12

Chapit Avan yo
Chapit suivan
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
Kreyòl Ayisyen

©2026 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest