Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou.