Jan 11:1-16
Jan 11:1-16 VKF
Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.” Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.” Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?” Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan. Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.” Lè l fin pale kon sa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.” Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi. Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.” Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”
Free Reading Plans and Devotionals related to Jan 11:1-16