Wòm 11:1-21
Wòm 11:1-21 VKF
“Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.” Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.” Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras. Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. Se sa Bib la di: “Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.” “Bondye bouche je yo pou yo pa wè, epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande. Sa kontinye jouk kounye a.” David deklare li menm tou: “Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè, yon kote ki fè yo fè bitay. Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe pou yo jwenn pinisyon yo merite. Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè, se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.” Konsa, m ap mande, lè pèp Bondye a pa koute l, èske sa detwi yo nèt? Se pa sa ditou! Men, bitay Jwif yo fè a fè moun ki pa Jwif yo jwenn delivrans Bondye bay la, poutèt pou Jwif yo ta vin jalou. Fot Jwif yo fè a pote anpil benediksyon pou lemonn, pou moun ki pa Jwif yo. Konsa nou ka imajine ki pi gran benediksyon sa va ye pou lemonn, lè ta gen ase Jwif ki ta vin tounen kalite moun Bondye vle yo ye! M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans. M ta byen kontan fè moun ras jwif parèy mwen yo jalou pou m ta rive ede yo sove. Si moun ki pa Jwif rive rekonsilye ak Bondye paske Bondye te mete pèp Jwif la sou kote, ki gwo bagay sa va ye lè Bondye va aksepte Jwif yo? Sa va sanble ak moun ki te mouri epi ki leve soti vivan nan lanmò? Dayè, si premye moso nan pat nou ofri bay Bondye a kòm premye pati nan rekòt la se yon bagay ki sen, alò tout rès pat la vin sen tou. Epi, si rasin yon pye bwa sen, branch yo sen tou. Si kèk nan branch yo te koupe yo, epi si ou menm ki te yon pye olivye sovaj, yo te grefe w nan plas yo, si ou jwenn nan nouriti pye olivye a pran nan rasin li yo, pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje. Kounye a ou va di: Yo te koupe kèk branch jete, se pou mwen menm, m te ka grefe nan plas yo. Se vre, yo te koupe yo, paske yo pa t gen lafwa, epi ou menm, ou rete kole nan pye bwa a, paske w gen lafwa. Pa lwanje tèt ou, ou ta dwe pè pou w pa fè menm jan ak yo pito. Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.