YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 10:1-18

Ebre 10:1-18 VKF

Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo. Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann, men, ou te prepare yon kò pou mwen. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo. Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo. Epi mwen di: men mwen Bondye mwen vini pou m fè tout sa ou vle selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.” Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.) Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra. Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen. Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li. Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis. Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di: “SENYÈ a di se pwomès sa a m ap fè avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo. M ap mete prensip mwen yo nan kè yo. M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.” Apre sa, li di: “M ap pase yon trè sou peche yo. M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.” Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy