YouVersion Logo
Search Icon

1 Kor 15:1-32

1 Kor 15:1-32 VKF

Kounye a frè m ak sè m yo, mwen vle fè nou sonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an. Nou te resevwa li. Epi li sèvi fondasyon pou lavi nou. Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen. Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la. Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la. Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo. Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou. Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo. Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè. Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a. Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.) Antouka, kit se mwen ki te anonse nou mesaj bòn nouvèl la, kit se lòt apot yo, se menm mesaj la nou tout ap preche epi se ladan l, ou menm, ou te kwè. Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo? Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite. E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis. Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la. Si moun mouri pa resisite, alò Kris la pa t resisite. Si Kris la pa t resisite, lafwa nou pa ta itil anyen. Nou ta toujou esklav peche nou yo. Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè. Si se sèlman pou lavi sou tè sa a nou met espwa nou nan Kris, nou se moun ki pi mizerab sou latè. Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite. Lanmò vin sou moun poutèt sa yon nonm te fè. Kounye a rezirèksyon vini gras a yon lòt nonm. Wi, poutèt Adan tout moun jwenn lanmò. Menm jan an tou gras a Kris la tout moun gen pou resisite. Men rezirèksyon an ap fèt nan yon lòd byen presi: Kris la an premye. Apre sa, sila yo ki se moun Kris la lè Kris retounen. Apre sa, lafen pral rive, lè Kris la va remèt wayòm nan bay Bondye Papa a, apre l va fin detwi tout chèf, tout otorite, ak tout pouvwa. Kris dwe renye jouktan li mete tout lènmi l yo anba pye l. Lanmò se dènye lènmi ki gen pou detwi. Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.” Lè l di tout bagay anba kontwòl li klè Bondye pa fè pati tout bagay yo. Dayè se Bondye li menm k ap mete tout bagay anba kontwòl Kris la. Lè Kris la fin pran kontwòl tout bagay, Pitit la li menm ap anba kontwòl sila a ki te mete tout bagay anba kontwòl li a. Lè sa a Bondye ap sèl chèf sou tout bagay. Si moun ki mouri p ap resisite, kisa moun k ap batize pou mò yo kwè y ap fè? Si moun ki mouri p ap resisite a ki fen moun k ap batize pou mò yo fè sa y ap fè a? E nou menm apot, pouki n ap met tèt nou an danje san rete? Se chak jou mwen wè lanmò anfas. Mwen pa gen dout sou sa frè m ak sè m yo, menm jan mwen pa gen dout sou jan m fyè de nou poutèt sa nou ye nan Jezikris. Mwen te batay ak bèt sovaj nan vil Efèz. Si nou konsidere l nan jan nou menm lèzòm gade bagay, kisa l itil mwen, si pa gen rezirèksyon pou moun ki mouri? Si se konsa, “An nou manje, an nou bwè paske demen n ap mouri.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy

;