YouVersion Logo
Search Icon

1 Kor 14:20-40

1 Kor 14:20-40 VKF

Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun. Men sa ki ekri nan Bib la: “M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang epi map sèvi ak bouch moun etranje pou m pale ak moun sa yo, menm lè sa a, yo p ap koute m.” Se Senyè a menm ki di sa. Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou? Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l. Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.” Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt. Si gen moun k ap pale yon lang diferan se pou sèlman de ou twa pale. Epi se pou yo pale youn apre lòt. Anplis fòk gen yon moun ki pou entèprete sa y ap di a. Si pa gen moun ki pou entèprete, se pou moun ki vle pale diferan lang lan rete an silans. Oubyen, se pou l pale ak pwòp tèt li epi ak Bondye. Se sèlman de oubyen twa pwofèt ki pou pale. Se pou lèzòt evalye pawòl ki di yo. Epi si pami moun ki chita yo, gen youn ki resevwa yon mesaj ki soti nan Bondye, se pou moun ki t ap pale anvan an chita. Wi, nou tout ka pale nan non Bondye, men nou bezwen fè l youn apre lòt. Konsa, nou tout ap resevwa ansèyman an, nou tout ap jwenn ankourajman. Pwofèt yo gen kontwòl sou jan pou yo egzèse don pwofesi Bondye ba yo a. Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini. Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi. Si yo bezwen eksplikasyon sou yon bagay, se pou yo mande mari yo lè yo rive lakay. Se yon wont pou medam yo ap bay opinyon yo kon sa lè legliz la reyini. Se pa nou ki te premye resevwa pawòl Bondye a, ni nou pa sèl moun ki resevwa pawòl Bondye a. Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a. Nenpòt moun ki pa rekonèt sa, yo p ap rekonèt li nonplis. Konsa, frè ak sè m, se pou pwofesi tounen youn nan pi gwo dezi nou. Pa anpeche lòt moun sèvi ak don yo genyen pou pale diferan lang. Men se pou tout bagay fèt nan fason ki kòrèk ak nan lòd.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy

;