YouVersion Logo
Search Icon

Mak 9

9
1Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”
Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli
(Mat 17:1-13; Lik 9:28-36)
2Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi devan disip yo li te kòmanse transfòme. 3Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa. 4Epi, men Moyiz ak Eli te vin parèt ap pale ak Jezi.
5Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz epi youn pou Eli.” 6Pyè pa t konnen sa pou li paske li menm ak lòt disip yo te ranpli ak pèrèz.
7Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”
8Lè disip yo voye je vit gade toutotou, sèl moun yo te wè devan yo se Jezi ki te la avèk yo.
9Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.
10Disip yo pa t pale pawòl la, men yo t ap diskite ant yo sou sa Jezi te vle di lè li te pale de “leve soti vivan nan lanmò a.” 11Yo mande li: “Pou kisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini#9:11 fòk Eli vini Gade nan Mal 4:5-6. anvan?”
12Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li? 13Men m ap di nou, Eli te vini deja, epi yo te fè sa yo te vle avèk li, jan sa te gentan ekri nan Bib la.”
Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri
(Mat 17:14-20; Lik 9:37-43a)
14Lè yo desann al jwenn lòt disip yo, yo wè yon foul moun ak direktè Lalwa ki t ap diskite ant yo. 15Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l.
16Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?”
17Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale. 18Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”
19Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”
20Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li.
21Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?”
Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti. 22Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.”
23Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.”
24Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.”
25Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!”
26Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.” 27Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.
28Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”
29Jezi reponn yo: “Kalite lespri sa yo se sèlman ak lapriyè#9:29 lapriyè Kèk kopi nan lang Grèk ki gen mo “lapriyè ak jèn”. ou ka chase yo.”
Jezi pale sou lanmò li
(Mat 17:22-23; Lik 9:43b-45)
30Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. 31Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.” 32Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di.
Kilès ki pi gran?
(Mat 18:1-5; Lik 9:46-48)
33Jezi ak disip li yo ale Kapènawòm, epi lè yo rive nan kay la, li mande yo: “Kisa nou t ap diskite sou wout la konsa?” 34Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran?
35Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”
36Se kon sa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: 37“Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”
Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou
(Lik 9:49-50)
38Apre sa Jan di Jezi: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”
39Men Jezi di: “Pa anpeche l, paske pa gen yon moun ki fè yon mirak nan non mwen ki pral pale m mal apre sa. 40Yon moun ki pa kont nou se pou nou li ye. 41Mwen ba w garanti sa a, nenpòt moun ki bay w yon vè dlo paske ou pou Kris la, li p ap janm pèdi l.”
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)
42“Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 44#9:44 Kèk kopi an lang Grèk ajoute vèsè 44, 46 la ki menm bagay ak vèsè 48 la. 45Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 46#9:46 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 46 la ki menm bagay ak vèsè 48 la. 47Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè, 48kote vè pa janm mouri epi dife pa janm etenn.#Eza 66:24.
49Tout moun gen pou sale avèk dife.#9:49 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute: “epi yo gen pou mete sèl sou chak sakrifis.” Nan Ansyen Testaman, yo te konn mete sèl sou sakrifis yo. Konsa vèsè sa ta vle di disip Jezi yo gen pou soufri anpil epi yo dwe ofri tèt yo an sakrifis bay Bondye.
50Sèl bon wi, men si l pèdi gou sale l genyen an, kijan ou ka fè l sale ankò? Pa pèdi bon gou sale nou genyen an, epi viv nan lapè youn ak lòt.”

Currently Selected:

Mak 9: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy