YouVersion Logo
Search Icon

Mak 8:22-38

Mak 8:22-38 VKF

Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li. Konsa, Jezi pran men nonm nan epi li sòti deyò vil la ak li. Apre sa, li krache nan je li, li mete men sou li epi li di l: “Èske ou wè kounye y a?” Nonm nan gade epi li di: “Wi mwen wè moun, men yo sanble ak pyebwa k ap mache.” Jezi mete men li sou je nonm nan ankò. Nonm nan ouvri je l byen laj, li te kapab wè ankò. Li te wè tout bagay byen klè. Jezi voye nonm nan retounen lakay li. Li di li: “Pa antre nan vil la.” Jezi ak disip li yo ale nan vil yo ki nan zòn Sezare Filip la. Sou wout la Jezi mande disip li yo: “Ki lès nou tande yo di mwen ye?” Yo reponn li: “Kèk moun di ou se Janbatis, yon lòt gwoup di ou se Eli. Gen lòt menm ankò ki di tou ou se youn nan pwofèt yo.” Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?” Pyè reponn li: “Ou se Kris la.” Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye. Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. Li di yo sa byen klè. Men, Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Men, Jezi fè yon vire, li gade disip li yo epi li repouse Pyè konsa: “Rale kò w sou mwen, Satan! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.” Apre sa, Jezi rele foul la ak disip li yo, epi li di yo: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.” Paske nenpòt moun ki vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men moun ki pèdi lavi l pou mwen ak levanjil la, l ap sove lavi li. Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy