YouVersion Logo
Search Icon

Mak 15

15
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mat 27:1-2, 11-14; Lik 23:1-5; Jan 18:28-38)
1Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat.
2Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”
Jezi reponn li: “Se sa ou di.”
3Chèf prèt yo mete anpil akizasyon sou Jezi. 4Epi Pilat poze l kesyon ankò, li di l “A pa ou pa menm replike? Gade valè akizasyon y ap lage sou do w?”
5Malgre sa, jezi pa janm reponn anyen. Pilate te sezi wè sa.
Pilat eseye libere Jezi
(Mat 27:15-31; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)
6Chak ane, nan sezon Fèt Pak la, Pilat te konn lage nenpòt prizonye pèp la vle. 7Te gen yon nonm yo te rele Barabas ki te nan prizon ak yon gwoup rebèl ki te touye yon moun nan yon soulèvman.
8Foul la vin kote Pilat epi yo mande l pou l lage yon prizonye jan l te konn abitye fè sa. 9Pilat reponn yo, li di: “Èske nou ta vle m lage wa Jwif la ban nou?” 10Pilat te di sa, paske li konnen se jalouzi ki fè chèf prèt yo te livre Jezi nan men l. 11Men chèf prèt te pouse foul la mande lage Barabas ba yo pito.
12Konsa Pilat mande pèp la ankò: “Kisa menm nou ta vle m fè ak nonm sa a nou rele wa Jwif yo?”
13Yo pran rele byen fò: “Kloure l sou yon kwa!”
14Men Pilate di yo: “Men Poukisa? Ki krim li fè?” Men foul la pran krye pi fò toujou: “Kloure l sou yon kwa!”
15Nan sousi pou fè foul la plezi, Pilat lage Barabas. Epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l, apre l te fin fè yo bat li byen bat.
16Sòlda yo mennen Jezi nan lakou palè gouvènè a. Yo rasanble tout lòt sòlda yo. 17Yo mete yon rad mov#15:17 rad mov Li pwobab se wòb sòlda te konn mete ki te sanble ak wòb mov wa yo te konn mete sou yo. Yo mete l sou Jezi pou yo pase l nan betiz, paske li di l se wa. sou li, yo fè yon kouwòn pikan, epi yo mete l sou tèt li. 18Epi yo kòmanse rele byen fò: “Viv, wa Jwif yo.” 19Yo kontinye bat li nan tèt ak yon baton, yo t ap krache sou li epi mete ajenou devan l tankou se adore yo t ap adore l. 20Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou you kwa
(Mat 27:32-44; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
21Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. 22Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” 23Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l. 24Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li, pou wè kisa chak moun ta jwenn.
25Li te nevè nan maten konsa, lè yo te klouwe Jezi sou kwa a. 26Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo. 27Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. 28#15:28 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 28 la: Epi se kon sa pawòl Bib la te akonpli: yo te mete l ansanm ak kriminèl yo.
29Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? 30Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!”
31Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. 32Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
33Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 34A twazè, Jezi rele byen fò: “Eloyi, Eloyi, lama sabaktani.” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?”#Sòm 22:1.
35Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.”#15:35 men l ap rele Eli Mo pou di “Bondye mwen” (Eli nan lang Ebre, oubyen Eloi nan lang Arameyen) te sonnen nan zòrèy moun tankou se te non pwofèt Eli, se te youn nan pwofèt ki te konn pale nan non Bondye avèk anpil puisans nan lane 850 AV.JK.
36Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.”
37Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri.
38Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. 39Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.”
40Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. 41Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou.
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)
42Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, 43Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi.
44Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. 45Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la.
46Se kon sa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. 47Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.

Currently Selected:

Mak 15: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy