YouVersion Logo
Search Icon

Mat 3

3
Janbatis ap prepare chemen pou Jezi
(Mak 1:1-8; Lik 3:1-9, 15-17; Jan 1:19-28)
1Lè a te rive, Janbatis ki te vin nan zòn dezè rejyon Jide. 2Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” 3Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di:
“Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò:
Fè chemen pou Senyè a.
Fè wout yo byen dwat devant l.”#Eza 40:3.
4Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. 5Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan. 6Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.
7Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? 8Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. 9Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. 10Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.
11Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 12Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo.#3:12 bon grenn yo ak pay yo Sa vle di Jezi ap separe moun pa l yo ak moun ki ou li yo. L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.”
Jan te batize Jezi
(Mak 1:9-11; Lik 3:21-22)
13Nan menm epòk la, Jezi soti nan rejyon Galile, li vini bò larivyè Jouden an paske li te vle pou Jan batize l. 14Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?”
15Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi.
16Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li. 17Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”

Currently Selected:

Mat 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy