YouVersion Logo
Search Icon

Mat 23:1-22

Mat 23:1-22 VKF

Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete Lalwa Moyiz la. Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande. Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj nan manto yo pi long pase pa lòt moun. Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt. Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo. Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou. Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a? Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy