YouVersion Logo
Search Icon

Mat 20:1-16

Mat 20:1-16 VKF

Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an. A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an. Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès? Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay! Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan. Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a. Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb! Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo? Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy