YouVersion Logo
Search Icon

Mat 14:1-21

Mat 14:1-21 VKF

Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.” Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt. Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.” Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi. Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la. Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.” Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!” Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.” Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy