YouVersion Logo
Search Icon

Lik 6:1-26

Lik 6:1-26 VKF

Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?” Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.” Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou repo a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou repo a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?” Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi. Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou. Simon, Jezi te rele l Pyè tou; Andre, frè Simon an, Jak, Jan, Filip, Batèlmi. Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Simon, sa yo te rele zelòt la. Jid, pitit Jak la, Jida Iskaryòt (sa k te trayi Jezi a). Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout. Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di: “Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye. Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a, paske vant nou pral plen. Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a, paske kè nou pral kontan. Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou. Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit. Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a, paske n ap gen pou n grangou. Malè pou nou menm k ap ri kounye a, paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye. Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”