Lik 5:17-39
Lik 5:17-39 VKF
Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad. Se kon sa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.” Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?” Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!” Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.” Apre bagay sa yo te fin pase, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di li: “Swiv mwen.” Levi kite tout bagay yo, li leve, li swiv Jezi. Apre sa, Levi òganize yon gwo festen lakay li pou fè lwanj pou Jezi. Te gen yon gwo foul pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ki te la ap manje ak yo. Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?” Lè sa a, Jezi reponn yo, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun malad ki bezwen doktè. Mwen pa vin mande moun k ap mache dwat devan Bondye pou chanje lavi yo, men mwen vin rele moun k ap viv nan peche, pou yo repanti.” Men yo di li: “Disip Janbatis yo fè jèn souvan, epi yo priye souvan. Disip Farizyen yo tou fè menm bagay la, epi disip pa w ou yo menm ap manje bwè.” Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.” Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis. Konsa tou, Pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik. Si ou fè sa, diven nouvo pete vye barik la, diven an ap tonbe epi l ap detwi veso yo. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Pèsonn p ap fin bwè diven ki gentan ansyen epi pou l ta anvi bwè nouvo diven. Paske l ap di: diven ki gentan ansyen an pi bon.”