YouVersion Logo
Search Icon

Lik 5:1-16

Lik 5:1-16 VKF

Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a. Li te wè de bato bò lak la. Bato yo te vid paske pechè yo t ap lave filè yo. Jezi monte nan youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi li mande Simon pou l avanse bato a yon ti kras plis nan mitan dlo. Li te chita nan bato a epi li te kòmanse anseye foul la. Lè Jezi te fin anseye, li di Simon konsa: “Avanse bato a nan kote ki pi fon an epi jete filè a pou pran enpe pwason.” Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.” Lè yo jete filè a, mesye yo pran yon gran kantite pwason ki te fè filè a kòmanse chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt bato a siy pou vin ede yo. Mesye yo vini, yo ranpli tou de bato yo ak pwason. Bato yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.” Li te di sa paske li menm ak tout moun ki te avè l yo te sezi wè kantite pwason yo te pran. Simon Pyè ansanm ak tout moun ki te ak li yo pa t manke sezi, lè yo wè kantite pwason yo te pran yo. Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou. Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.” Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi. Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te gen tout kò l kouvri ak la lèp te rankontre ak li. Lè li wè Jezi, nonm nan lage kò l fas atè, li sipliye Jezi, li di li: “Mèt, si ou vle, ou kapab pirifye m.” Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm lèp la disparèt sou li. Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou. Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.” Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo. Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.