YouVersion Logo
Search Icon

Lik 23

23
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mat 27:1-2, 11-14; Mak 15:1-5; Jan 18:28-38)
1Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat. 2Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”
3Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
Jezi reponn: “Se ou ki di li.”
4Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”
5Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”
Pilat voye Jezi bay Ewòd
6Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” 7Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou#23:7 kèk jou Sa vle di jou selebrasyon fèt Pak la yo. nan Jerizalèm lè sa a.
8Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. 9Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. 10Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. 11Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. 12Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a.
Pilat eseye libere Jezi
(Mat 27:15-26; Mak 15:6-15; Jan 18:39–19:16)
13Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. 14Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. 15Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” 17#23:17 Se sèlman kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 17: “Chak ane, pou fèt Pak la, Pilat toujou lage yon prizonye bay pèp la.”
18Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” 19Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.
20Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. 21Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”
22Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”
23Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, 24Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. 25Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)
26Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.
27Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito. 29Paske gen jou k pral vin la a kote moun pral di: Benediksyon pou fi ki pa ka fè pitit, pou fi ki pa janm fè pitit, pou fi ki pa janm gen pitit pou l bay tete. 30Lè sa a moun va mande mòn yo: Tonbe sou nou! Y a di ti mòn yo: Kouvri nou!#Oze 10:8. 31Paske si yo ka fè m soufri kon sa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”#23:31 Literalman, “Paske si yo ka fè bwa vèt la sa, ou pa bezwen mande pou bwa chèch la.”
32Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite. 33Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.
34Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”#23:34 Jezi di … ap fè a Gen kèk ansyen maniskri levanjil Lik la ki pa gen pawòl sa yo ladan yo.
Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”
36Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.
39Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”
40Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”
43Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Jan 19:28-30)
44Li te bò midi kon sa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, 45paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso. 46Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.”#Sòm 31:5. Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.
47Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”
48Tout foul la te rasanble pou vin wè espektak sa a. Lè yo wè sa k te rive a, sa fè yo mal epi yo retounen lakay yo. 49Tout zanmi Jezi yo ansanm ak medam ki t ap swiv li depi nan Galile yo te kanpe a yon ti distans ap swiv. Yo te wè tout sa k te rive.
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Jan 19:38-42)
50Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. 51Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. 52Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi. 53Li desann kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Kavo a te tou nèf. Pèsonn lòt moun pa t ko antere ladan l. 54Se te nan vandredi apremidi. Saba a te prèske kòmanse.
55Medam ki t ap mache dèyè Jezi depi nan Galile yo te swiv Jozèf. Yo wè kavo a. Yo wè tou kijan yo te mete kò Jezi ladan li. 56Medam yo retounen lakay, y al prepare lwil santi bon, yon melanj pafen ak epi s, pou yo vin mete sou kò a.
Men, nan jou repo a, yo te repoze, jan lalwa Moyiz la mande l la.

Currently Selected:

Lik 23: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy