Yon nonm nan mitan foul la di Jezi konsa: “Mèt, pale ak frè m nan non pou l ka pataje byen paran nou kite pou nou yo ak mwen.” Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay kon sa ant ou menm ak frè w?” Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.” Epi li tonbe rakonte yo parabòl sa a, li di: “Te gen yon nonm rich ki te fè yon bèl rekòt nan jaden l. Nonm rich la reflechi nan li menm, li di: Ki sa m pral fè la a, paske mwen pa gen ase plas pou m sere rekòt mwen yo? Apre sa, li di: Oke, m konn sa m pral fè. M ap kraze tout depo m yo, epi m ap bati sa k pi gwo pou m ka jwenn kote pou m sere tout ble m yo ak lòt rekòt mwen yo. Apre sa, m a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou anpil ane ankò. Ou mèt poze kounye a. Annik manje, bwè epi jwi lavi w. Men Bondye di li: Egare! Aswè a menm ou pral mouri. Tout bagay sa yo ou te prepare yo, pou kilès y ap rete? Se kon sa sa ye pou nenpòt moun k ap rasanble byen pou li menm sèlman, men ki pa rich nan je Bondye.”
Share
Read Lik 12
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos