Jan 21:15-17
Jan 21:15-17 VKF
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton m yo.” Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.” Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?” Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.”



![[Unboxing Psalm 23: Treasures for Every Believer] Paths of Righteousness Jan 21:15-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapi.com%2Fhttps%3A%2F%2Fs3.amazonaws.com%2Fyvplans%2F35790%2F1440x810.jpg&w=3840&q=75)

