YouVersion Logo
Search Icon

Jan 14

14
Jezi ankouraje disip li yo
1“Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou. 2Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou? 3Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou. 4Epi, nou konnen chemen kote m prale a.”
5Toma di l konsa: “Senyè, nou pa konn kote w prale, kijan pou n fè konn chemen an?”
6Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen. 7Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”
8Filip di l konsa: “Senyè, fè nou wè Papa a epi n ap satisfè.”
9Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a? 10Èske w pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? Pawòl m ap di yo, mwen pa pale pou pwòp tèt pa m, men se Papa a ki nan mwen k ap fè sa m ap fè yo. 11Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.
12An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a, 13epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la. 14Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l.
Jezi pwomèt Sentespri a va vini
15Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè. 16Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè#14:16 konsolatè Mo sa a itilize pou pale sou Sentespri a. ki va la avèk nou pou tout tant. 17Se li menm ki Lespri verite a.#14:17 Lespri verite a Sentespri a (gade Sentespri nan Lis Mo yo). Se te travay li pou ede disip Jezi yo konprann verite a Bondye a. Gade nan Jan 15:26; 16:13. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.
18Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou. 19Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. 20Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. 21Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”
22Jida (se pa Jida Iskaryòt la non) di li konsa: “Senyè, kijan fè se nou w ap fè konnen kilès ou ye, men se pa moun ki nan lemonn?”
23Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li. 24Moun ki pa renmen m p ap mete pawòl mwen an pratik, epi pawòl sa yo n ap tande a pa soti nan mwen, yo soti nan Papa m ki voye m nan.
25Mwen di nou bagay sa yo pandan m ap viv kote nou an. 26Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.
27M ap kite nou ak lapè mwen,#14:27 lapè mwen Antan Mesi a, Jezi te pote lapè Bondye te pwomèt ki t ap vini lè wayòm li a manifeste devan pèp la. Lapè se yon lòt mo pou di “delivre” anba Satan. Gade nan 14:30. m ap ban nou lapè nan jan pa m, se pa menm jan ak lemonn. Se pou nou sispann gen kè kase ak lapèrèz. 28Nou te tande m di nou mwen prale epi m ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou t ap kontan dèske m prale jwenn Papa m, paske Papa m gen plis pouvwa pase m. 29Mwen di nou sa depi kounye a anvan sa rive, pou lè sa rive pou nou kapab kwè.
30Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn#14:30 chèf k ap domine nan lemonn Gade Satan nan Lis Mo yo. Menm bagay nan 16:11. lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen. 31Men, pou lemonn ka konnen mwen renmen Papa a epi mwen fè sa li mande m fè, an n leve, an n pati kite isit la.”

Currently Selected:

Jan 14: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy