YouVersion Logo
Search Icon

Jan 11

11
Lanmò Laza
1Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. 2Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. 3De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”
4Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” 5Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. 6Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. 7Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.”
8Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”
9Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.#11:9 limyè mond lan Se sèlman yon referans ak limyè solèy la, men gade nan Jan 8:12, kote Jezi di, “Mwen se limyè lemonn.” Gade tou nan 9:4, 5 ak 12:35. 10Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”
11Lè l fin pale kon sa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”
12Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” 13Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi.
14Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. 15Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.”
16Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”
Jezi nan zòn Betani
17Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. 18Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt#11:18 twa kilomèt Literalman, “15 estad”. konsa, 19Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.
20Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. 21Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. 22Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.”
23Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.”
24Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.”
25Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. 26Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”
Jezi kriye
28Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” 29Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. 30Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. 31Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. 32Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”
33Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. 34Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?”
Yo di l: “Senyè vin wè.”
35Jezi te pran kriye.
36Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”
37Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?”
Jezi resisite Laza
38Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. 39Jezi di: “Retire wòch la!”
Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”
40Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”
41Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. 42Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale kon sa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” 43Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” 44Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou.
Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)
45Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. 46Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. 47Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. 48Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.”
49Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! 50Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.”
51Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. 52Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.
53Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi. 54Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.
55Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. 56Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?” 57Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.

Currently Selected:

Jan 11: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy