YouVersion Logo
Search Icon

1 Kor 12

12
Don Sentespri a bay
1Kounye a, frè m ak sè m yo, nou te poze m kesyon sou don Sentespri a bay, mwen pa ta renmen nou konprann sa mal. 2Nan tan pase, lè nou pa t konn Bondye, fo dye ki pa kapab pale yo t ap trennen nou epi nou pa t kapab reziste yo. 3Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.
4Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri. 5Gen diferan fason pou rann sèvis, men se menm Senyè a nou tout ap sèvi. 6Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.
7Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun. 8Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans. 9Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi. 10Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo. 11Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.
Kò Kris la
12Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye. 13Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay#12:13 bay Literalman, “ba nou pou nou bwè”. nou tout.
14Wi, yon sèl manm pa vle di yon kò. Yon kò gen plizyè pati ladann. 15Si pye a di: “Paske m pa yon men, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 16Si zòrèy la di: “Paske m pa yon grenn je, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 17Si tout kò a se te je nan kisa nou t ap tande? Si tout kò a se te zòrèy nan kisa nou t ap pran sant? 18Se Bondye li menm ki deside kote l ap plase chak pati nan kò a. 19Epi tou, si tout pati yo te menm, pa t ap gen sa yo rele kò a. 20Wi, gen anpil pati, men yo fòme yon sèl kò.
21Je a pa ka di men an: “Mwen pa bezwen w!” Tèt la pa ka di pye yo: “Mwen pa bezwen w!” 22Okontrè, menm pati nan kò a ki parèt pi fèb la, se yon nesesite li ye pou kò a. 23Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal. 24Pati nan kò tout je ka wè pa bezwen tout swen espesyal sa yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati ki manke onè yo jwenn plis onè pase lòt yo. 25Bondye fòme kò a yon fason pou pati kò a pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn ap pran swen lòt san patipri. 26Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a.
27Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak? 30Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo? 31Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.

Currently Selected:

1 Kor 12: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy