Okontrè, menm pati nan kò a ki parèt pi fèb la, se yon nesesite li ye pou kò a. Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal. Pati nan kò tout je ka wè pa bezwen tout swen espesyal sa yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati ki manke onè yo jwenn plis onè pase lòt yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati kò a pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn ap pran swen lòt san patipri. Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a. Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la.
Share
Read 1 Kor 12
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos