YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 1

1
Ankourajman Bondye bay Jozye
1Apre Moyiz, sèvitè Senyè a, mouri, Senyè a #Nonb 12.7; Det 1.38; 34.5; Eb 3.5 pale ak Jozye, pitit gason Noun, ki te aladwat Moyiz nan tout sa li t'ap fè. Li di li konsa:
2— Kounyeya, Moyiz, sèvitè m lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an. 3Jan #Det 11.24 mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou. 4Peyi a #Jen 15.18; Egz 23.31; Nonb 34.3-12 pral konmanse depi nan dezè a sou bò nan sid, jouk mòn Liban nou wè laba a, nan nò. L'ap pran tout peyi moun Et yo, depi larivyè Lefrat sou bò solèy leve, jouk gwo lanmè a sou bò solèy kouche. 5Pandan #Jen 28.15; Egz 3.12; Det 3.28; 7.24; 31.6,7,8; Joz 1.17,18; 3.7; 6.27; Eb 13.5 tout rès vi ou, pèsonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. 6Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje. Paske se mwen menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a. 7Wi. #Det 5.32; 28.14; Joz 23.6 Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase. 8Se #Sòm 1.2; 119.15 pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. 9Chonje #Det 7.21; 31.6,8; Joz 1.18 lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Preparasyon pèp Izrayèl pou pran Kanaran
10Lè sa a, Jozye rele tout chèf pèp la. Li ba yo lòd sa a:
11— Mache #Det 9.1; 11.31 nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.
12Apre sa, Jozye pale ak moun branch fanmi Riben yo ak moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye moun nan branch fanmi Manase a. Li di yo:
13— Chonje #Nonb 32.20-28 lòd Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lè li te di nou: Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou tè bò isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kè poze. 14Madanm nou, pitit nou ak tout bèt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bò isit larivyè Jouden an, bò solèy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sòlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rès pèp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite. 15#Det 3.20; Joz 22.4 Senyè a va fin fè yo pran peyi a pou yo, lè l'a fin ba yo yon kote pou yo viv ak kè poze, menm jan li te fè l pou nou an, se lè sa a atò n'a tounen nan peyi ki pou nou an. Wi, n'a vin rete nan peyi pa nou an, peyi Moyiz, sèvitè Bondye a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve.
16Yo tout yo reponn Jozye, yo di l:
— Tou sa ou ban nou lòd fè, n'ap fè l! Kote ou voye nou, nou prale! 17Menm #Joz 1.5 jan nou te obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, nou swete pou Senyè Bondye ou la toujou kanpe ak ou, menm jan li te kanpe ak Moyiz la. 18Se #Det 17.12 pou yo touye tout moun ki pa dakò ak lòd ou, osinon ki pa vle obeyi lòd ou bay, osinon ki derefize fè sa ou mande yo fè. Sèlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!

Currently Selected:

Jozye 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy