YouVersion Logo
Search Icon

Jenèz 3

3
Peche dezobeyisans
1Sèpan se te bèt ki te pi rize nan tout bèt Senyè Bondye te fè. Li di fanm #Mat 10.16; Rev 12.9; 20.2 lan konsa:
— Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
2Fanm lan reponn sèpan an:
— Nou gendwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. 3Men, #Jen 2.17 kanta fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di: Piga nou manje ladan li, ata manyen piga nou manyen li. San sa, n'ap mouri kanmenm.
4#2 Kor 11.3 sa a, sèpan an di fanm lan:
— Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. 5Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l, je nou va louvri. N'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.
6Fanm #Oze 6.7; Wòm 5.12; 1 Tim 2.14 lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou.
7Manje yo fin manje, je yo louvri. Yo wè yo toutouni. Yo pran fèy fè rad mete sou yo.
8Nonm #Jòb 31.33; Sòm 139.1-12; Jer 23.23,24 lan ak madanm li tande vwa Senyè Bondye nan jaden an pandan labriz diswa. Y'al kache nan mitan pyebwa nan jaden an pou Senyè Bondye pou wè yo. 9Men, Senyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l:
— Kote ou ye?
10Nonm #Jòb 23.15 lan reponn li:
— Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M'al kache pou ou, paske mwen toutouni.
11Senyè a, Bondye a, di l:
— Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?
12Adan #Pwo 28.13 reponn:
— Madanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi a manje, mwen manje li.
13Senyè a, Bondye a, mande famn lan:
— Poukisa ou fè sa?
Fanm lan reponn li:
— Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l.
Pinisyon moun
14Senyè a, #Eza 65.25; Mi 7.17 Bondye a, di sèpan an konsa:
— Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. 15Ou #Eza 7.14; Mat 1.23,25; Lik 1.34,35; Wòm 16.20; Gal 4.4; Rev 20.1-3 menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l nan talon pye l.
16Li #Jan 16.21; 1 Kor 11.3; Ef 5.22-24; Tit 2.5 di fanm lan:
— Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. W'a gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
17Apre #Jen 5.29; Ekl 2.22,23; Wòm 8.20-22 sa li di Adan:
— Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. 18Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje. 19Se #Jen 2.7; Jòb 34.15 swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w'a tounen nan tè kote ou sòti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
20Adan bay madanm li non, li rele l Ev, #3.20: Ev: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di lavi osinon ki gen lavi. paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.
21Lè sa a, Senyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo.
Bondye chase Adan ak Ev
22Apre #Jen 2.9; 3.5 sa, Senyè a, Bondye a, di:
— Kounyeya, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l lonje men l keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l manje l, pou l pa viv pou tout tan.
23Se konsa, Senyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l la.
24Se #Jen 2.8; Sòm 104.4; Eb 1.7 konsa, li mete Adan deyò. Sou bò solèy nan jaden an, li poste zanj cheriben ak nepe yo byen klere nan men yo, epi yo t'ap veye toupatou pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.

Currently Selected:

Jenèz 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy