YouVersion Logo
Search Icon

Jenèz 2

2
1Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. 2Sou #Egz 20.11; 31.17; Eb 4.4 sis jou, Bondye te fin fè tou sa l t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. 3Li beni setyèm jou a, li konsakre li pou li. Paske jou sa a, li te sispann travay, apre li fin kreye tout sa li t'ap kreye. 4Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak tè a.
Lè Senyè Bondye t'ap fè latè ak tout sa ki nan syèl la, 5pa te gen yon ti pyebwa menm sou latè. Okenn zèb pa t' ankò pouse paske Bondye pa t'ankò voye lapli sou latè. Lèfini pa t'ankò gen moun pou travay latè. 6Men yon vapè leve soti nan tè a moute, lapli tonbe wouze tout tè a.
7#Jen 3.19; 7.22; Jòb 33.4; Ekl 12.7; 1 Kor 15.45,47 sa a, Senyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. #2.7: pousyè tè…nonm: Nan lang ebre a mo ki vle di pousyè tè a (adamah) ak mo ki vle di nonm lan (adam) bata sonnen menm jan. Men, yo sèvi ak mo Adan an tankou yon non moun tou. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Jaden Edenn lan
8Senyè a, #Jen 13.10; Eza 51.3 Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a. 9Senyè a, #Jen 2.17; 3.22; Rev 22.2,14 Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa: yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. 10Yon gwo larivyè sòti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch. 11Premye #Jen 25.18; 1 Sam 15.7 branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. 12Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. 13Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. 14Twazyèm #Da 10.4 larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.
15Senyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l nan jaden Edenn lan pou l travay li, pou l pran swen l. 16Senyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a:
— Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. 17Men piga ou manje donn pyebwa ki bay konesans sa ki byen ak sa ki mal la. Paske jou ou manje li, w'ap mouri kanmenm.
18Senyè a, Bondye a, di ankò:
— Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.
19Se #Jen 1.20,24 konsa, Senyè Bondye pran tè. Li fè tout kalite zannimo ak tout kalite zwazo ki genyen. Lèfini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li ta pral ba yo dekwa pou non an ka rete pou yo nèt. 20Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pat gen yonn ki te sanble avè l, ki ta ka ede l. 21#Jen 15.12; 1 Sam 26.12 sa a, Senyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Mesye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. 22Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l ba li. 23#Jen 29.14; Jij 9.2; 2 Sam 5.1; 1 Kor 11.8; Ef 5.30 nonm lan wè l, li di:
— Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m!
Zo l se zo mwen.
Chè l se chè mwen.
Y'a rele l fanm, #2.23: fanm: Nan lang ebre a mo ki vle di fanm lan se ichcha. Li sòti nan yon lòt mo ebre ich ki vle di gason. paske se nan gason li sòti.
24Se #Mat 19.5; Mak 10.7; 1 Kor 6.16; Ef 5.28-31 poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl.
25Adan ak madanm li te toutouni, men yonn pa te wont lòt.

Currently Selected:

Jenèz 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy