1
Wòm 14:17-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.
Compare
Explore Wòm 14:17-18
2
Wòm 14:8
Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye.
Explore Wòm 14:8
3
Wòm 14:19
An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou.
Explore Wòm 14:19
4
Wòm 14:13
Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal.
Explore Wòm 14:13
5
Wòm 14:11-12
Paske Bib la di: “Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon, tout moun va mete ajenou devan m; tout moun va di se Bondye mwen ye.” Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè.
Explore Wòm 14:11-12
6
Wòm 14:1
Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse.
Explore Wòm 14:1
7
Wòm 14:4
Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.
Explore Wòm 14:4
Home
Bible
Plans
Videos